Le blog de Ernest CAMILLE dit E.C

Journaliste Tout terrain en matière de l’Information.
Thomazeau et Cornillon

Ernest CAMILLE dit E.C
Journaliste Tout terrain en matière de l’Information.
Il se met au service de l’information pour la Commune de Thomazeau et la Commune de Cornillon.

C’est un enfant du pays qui s’érige en porte parole pour ses compatriotes

TOMAZO KANBRIYOLAJ Plizyè Biznis.

LA MERI PA RETE ENDIFERAN.

Vòlè moun pa rive Idantifye Kase plizyè Biznis nan sant Vil Tomazo nan Lannwit Madi pou louvri Mèkredi 6 Janvye 2021 a, yon zak ki Entèpele Komisyon Enterimè Komin Tomazo  ke Mme. Josette CYPRIEN ap dirije a ki Pat pran tan pou Konvoke nan tout ijans Ofisye Polis Jidisyè nan Komin lan Kote Jij Titilè Tribinal de Pè Tomazo à Me.  Étienne LUC JEAN ak Jij Sipleyan Me. Patrick PINCHINAT  te reponn prezan jou ki te Jedi 7 Janvye a Nan Salon Meri ak PNH nan Komin lan pou vinn brase lide pou frennen Zak bandi yo.

Nan seyans travay Meri Tomazo ak OPJ yo deside mete kanpe yon yon PÈMANANS,  Tribinal, PNH, Meri pou anpeche Popilasyon Tomazlèz la Kontinye Viktim Anba men bandi ak Vòlè tout kalite.

Majistra Josette CYPRIEN ak Majistra St. Arnaud PONGNON nan tèt yon delegasyon lapolis, lajistis vizite biznis Vòlè kase yo epi pale ak pwopriyetè yo…
Met biznis sila yo ki apresye jès sila mande Lameri pou Akonpanye yo pou rive re kanpe pandan yo mandé Majistra Josette pou Aji prese prese pou Fòse Wo komandman Polis la dote Komin lan de Efektif  polisye ak Materyèl Woulan pou fòse Komisarya rete louvri tout lan nwit epi patwouye Komin lan.

Majistra principal Tomazo… Josette CYPRIEN di li pran Doleyans  viktim yo Komisyon an ap Kontinye  travay pou rive bay satisfaksyon ak Popilasyon l lan.

Tomazo

Ernest Camille (E.C)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *